Le mouvement syndical au sein de PNH est infiltré, selon la DGPNH.

by AvatarLe P'tit Journal Haïti
0 comment

Mercredi 26 février 2020 – Le P’tit Journal.

Par Samuel JOSEPH

Dans une note de presse rendue publique, les haut-gradés de la Police Nationale d’Haïti (DGPNH) ont évoqué une infiltration liant dans le mouvement syndical déclenché depuis environ un mois au sein de la Police Nationale d’Haïti (PNH).

La Coordination de Presse et des Relations publiques de la Direction générale de la Police Nationale d’Haïti (DGPNH) a apporté de nombreuses clarifications pour justifier ses dires au public.

En voici l’intégralité de son texte dont une copie est parvenue à la rédaction du quotidien « Le P’tit Journal ».

DG PNH-Coordination de Presse et des Relations Publiques / Clarification

Gen yon tèks kap sikile sou rezo sosyal yo ki fè Kwè DCPJ ta pase nan lopital Bernard Mevs sou wout ayewopò a pou al mennen ankèt sou polisye ki ta blese nan kad ensidan ki te pase dimanch 23 fevriye nan zòn channmas la.

Kowòdinasyon près ak relasyon piblik lapolis la ap fè tout moun konnen DCPJ ap fè travay li kòm sa dwa. Li klè pou tout moun te gen anpil enfiltrasyon nan mouvman polisye yo tap fè pou mande pi bon kondisyon travay. Nou gen prèv te gen endividi ki te fè tèt yo pase pou polisye ki tap pwofite simen latwoublay nan zòn channmas la.

DCPJ te pase pou l idantifye kiyès ki polisye ak kiyès ki pa polisye nan mitan moun ki te viktim yo.

Kowòdinasyon Près ak Relasyon Piblik Lapolis la ap presize pou popilasyon an direksyon jeneral lapolis ap pran responsablite l anvè polisye ki viktim yo paske yo fè pati enstitisyon jiskaprezan. Jan DG lapolis te di l revandikasyon polisye yo li pran yo an konsiderasyon lap travay sou yo ak pi gwo otorite nan leta a pou wè nan ki mezi yo ka rive satisfè demand polisye yo ki jis epi lejitim.

Moun ki mouri oubyen ki blese yo nan ran polisye ki tap pwoteste yo DG lapolis la pase lòd fòmèl ak divès responsab nan enstitisyon an pou fè swivi sou sa.

Gen mezi ki pran pou sitiyasyon sa yo pa repete ankò andedan polis nasyonal la. Kowòdinasyon Près ak Relasyon Piblik Lapolis la swit ak pozisyon direktè jeneral la mande tout polisye sou tout tèritwa peyi a pou kenbe sanfwa yo yon fason pou pwoteje imaj PNH la ke yo renmen anpil la. Se nan dyalòg ak antant nap rive jwenn solisyon ak pwoblèm kap travèse lapolis la. An n mete nou ansanm pou n kontinye ranpli misyon lalwa ba nou ki se pwoteje ak sèvi popilasyon an san pas pouki

Kowòdinasyon Près ak Relasyon Piblik Polis Nasyonal la.

[email protected]


En savoir plus sur Le P'tit Journal Haiti

Subscribe to get the latest posts sent to your email.

Related Articles

Leave a Comment